Ayiti/Edikasyon : Entèdiksyon gradyasyon nan nivo klas preskolè, primè ak segondè.

2,301

06-04-2022

Nan yon nòt biwo Ministè Edikasyon Nasyonal mete deyò li fòmèlman entèdi lekòl yo fè gradyasyon.

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl raple, seremoni gradyasyon pou nivo preskolè, klas fondamantal e segondè fòmèlman entèdi.

Seremoni gradyasyon otorize sèlman pou klas nevyèm segondè ak segondè 4. Nan sans sa, oken elèv pa gen dwa sanksyone si tout fwa li chwazi pa patisipe nan yon seremoni gradyasyon. E li pa otorize pou pèsonn egzije paran yon elèv peye pou sa. Se yon ak volontè ki pa dwe enpoze si paran an pa vle.

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl raple desizyon sila te pran nan konsèy ministeryèl depi 16 oktòb 2014 swit avèk anpil deriv ou eksè zèl ki ap fèt nan kesyon gradyasyon yo, kote gen anpil enstitisyon ki tap fè paran yo obligasyon pou bay yon magogo lajan ke yo paka jwenn sitou nan preskolè.

Direksyon depatmantal edikasyon yo, atravè enspeksyon lekòl yo dwe pran bon jan mezi pou aplike yon parèy desizyon ministeryèl.

Yon desizyon jiska prezan ki pa respekte atravè peyi a. Sa ki toujou fè anpil paran ap plenyen pou kantite lajan yo mande yo; san konte lajan ekolaj la ki pa janm sispann tèt nèg chak ane.

Comments are closed.