Nijè : Lafwans voye yon premye avyon nan Niamey pou evakye resòtisan li yo

865

Niamey, Nijè_____(TRiboLAND) Gouvènman Fwansè a voye yon pwemye avyon nan Niamey nan objektif pou rapatriye resòtisan fwansè yo nan peyi Nijè.

Apwè Kou Deta ki bay pakala gouvènman Mohamed Bazoum lan, peyi Lafwans deside voye chèche resòtisan li yo. Konsa, nan kad yon parèy operasyon, yon avyon manman penba fwansè, deja nan wout pou Niamey, yon fason pou  fasilite yon parèy rapatriman.

Selon gouvènman Macron an, yon parèy operasyon ap fèt avèk dizon otorite nijeryèn yo.

Nap raple, Lafwans genyen gwo akizasyon ki tonbe sou tèt li, kòm kwa li ta genyen entansyon antre militèman nan peyi Nijè, nan kad pou libere prezidan Mohamed Bazoum ki toujou anba men pouchis yo.

Comments are closed.