Wanament-Sekirite : Komite Sekirite Kominal Wanament lan sezi twa (3) zam afe.

247
1
Share:
TRiboLAND

06-02-2022

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND)Nan yon operasyon tranble janm nan plizyè katye nan Wanament, nan lannwit premye jwen pou rive 2 jwen an, Komite Sekirite Kominal Wanament la rive sezi twa (3) zam afe.

Yon zam kalib 38 ki se pou yon ajan BESAP ak de (2) lòt zam kalib 9 milimèt ki se pou yon prèt vodou nan vil la, ak yon lòt sitwayen kap evolye nan kominote a.

Bò kote pa ajan BESAP la, li te prezante sèlman badj travay li, e lòt de (2) moun te prezante kopi papye pèmi pou pote zam ke la polis nan depatman Nòdès la te bayo. Zam sila yo te rive sezi sou wout Mankèt la nan won pwen kalvè a, nan baz nòmal.

Twa (3) zam yo pou konye a nan komisarya Wanament la sou kontwòl lajistis ak la polis e nap silaye mèt zam yo te jwenn liberasyon yo anba lobedyans Komite Sekirite Kominal Wanament la.

Jn simon Manex

Share:

1 comment

Leave a reply