Nòdwès – Jistis : Me Alangue Valbrun nome kòm Sibtiti nan Pakè Pòdpè a

2,520

06-01-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon korespondans Ministè Lajistis ekri Me Alangue Valbrun nan dat 25 me 2022 a, yo fè li konnen ke yo transfere li kòm Sibtiti nan Pakè Pòdpè a. Yon mezi kap afektiv a pati prestasyon sèman li.

Alangue Valbrun te Sibtiti deja, aprè li ta pral monte kòm Komisè a.i nan Pakè Pot-Pe a. Li pat fè anpil tan, men pasaj li nan tèt Pakè Pòdpè a pou yon ti bout tan pat demeplè. Aprè li te kite Pakè a, li te pase kòm Chajè-d Misyon nan tribinal Premyè Enstans Pòdpè a.

Me Alangue Valbrun bò kote pa-l, fè konnen : “Mwen pa yon nouvo chèf nan jiridiksyon an, sa vle di mwen pap ka bay le ton. Sèl sam konnen, travay pam nan; bon dwa ak konsyans jan sa te toujou ye, se sam pral fè. Nou mèt konte sou mwen”

Dat prestasyon sèman Me Valbrun ap genyen pou anonse!

Hodney Fanuance, TRiboLAND

Comments are closed.