Pou make 30 lane asasina pè Jean Marie Vincent òganizasyon Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen òganize yon seri aktivite nan lokalite Leban.

08 – 28 – 2024
Pòdepè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan okazyon 30 lane asasina pè Jean Marie Vincent (Janboul) pou pwòch li yo, òganizasyon Tèt Kole Tipeyizan Ayisyen nan depatman Nòdwès la òganize yon ansanm aktivite nan lokalite Leban jounen mèkredi 28 dawou 2024 la .

Depi 25 lane, san pa sispann koule nan tout ti kwen nan peyi Dayiti; pyès moun pa janm fè limyè sou lanmò Janboul. Pè Janboul te gen yon pwojè pou retire pèp la nan povrete ekstrèm lap viv la; boujwa san wont yo mete ak enperyalis malfwa, manje pè a gwo lajounen epi detwi pwojè popilasyon an.
Manm òganizasyon TK yo mande tout enstitisyon ki plase pou bay jistis nan peyi a, pran dosye asasina pè Jean Marie a an chaj, paske tout kriminèl kite touye pè Monfòten an nan rantre lakay li nan ri Baussan Pòtopwens, toujou ap flannen nan peyi a. Koulè kriminèl sa yo dwe ale devan tribinal sivil pou yo jije.







Pretty! This was a really wonderful post. Thank you for your provided information.