Laplat: premyè seksyon kominn Basen Bleu nan Koma

0 464

Laplat, premyè seksyon kominn Basen Bleu ap fè fas kare ak yon pakèt problem tankou problem: grangou, wout, dlo, ak sante nan zònn sila.

Grangou ak lamizè ap taye banda alòske ti malere yo pa konnen ki sen pou yo rele. Ki donk, sa ki pi red la bandi ak tout kalite zam pa sispann achte seksyon sa lajan kontan. Kazek zòn nan kise Jackson Estima leve vwa li byen wo nan micro la press kote ke lap mande sekou bò kote otorite konsène yo yon fason pou reponn a bezwen popilasyon an ki nan koma.

Laplat se premyè seksyon nan kominn Basen Bleu ki se yon zònn ki imilye, abandone, daprè deklarasyon kèk sitwayen nan zònn sa yo ki te pale ak triboland kote yo estime se sitou lè gen eleksyon yo konn wè prezans sitwayen roulibè ki vinn fè kanpay epi ki debake ak anpil panye pwomes.

Raketè sa yo kap fè milyon sou do chwal la pa janm reyalize anyen apwè yo finn eli. Konsa, manman ak papa pitit sa yo fè konnen yap pare yon po kann ak tout fwomi pou veye kandida malfwa kap vin benyen yo ak manti e simaye ti pousyè goud Lescot ba yo.

Selon Estima, kòdonatè Kazek zònn nan: se sel nan seksyon lap kontwole-a ki pa gen ti travay kap fet pou redui sou soufrans population an. Epitou, se absans Lapolis ki lakoz tout moun ap viv ak kè sote nan zònn nan; tout demach li fè sa pa abouti ak anyen aloske bandi pwan plezi pou fè tout kalite dezòd pou nou site sèlman reset dap piyanp nan kominote-a.

Jehrbson Petit, Triboland

Leave A Reply