EDEPP lanse Premyè Edisyon”Huitaine du livre” ane sa a.

2,516

05-13-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Lekòl Dwa, Ekonomi, Jestion ak Kontabilite an nan Pòdpè lanse ane sa a, Premyè Edisyon” Huitaine du livre”, kòmanse nan dat mèkredi 11 me pou al bout nan lendi 16 me 2022 a, nan lokal Notre Dame de Fatima nan chalè.

Anviwon 4 konferansye eksperimante, chevrone, profesyonèl nan domèn respektif yo, disponib epi dispoze pou rann posib gwo kokenn chenn aktivite sila.

Pami konferansye yo nou jwenn:
1- Wisly Lorfils, ki li menm te entèveni sou” wòl inivèsite a nan devlopman ekonomik peyi a”.

2-Christy Saint-Charles, gen pou pale sou yon sijè enteresan “être entrepreneur: une compétence, des croyances et attitudes”.

3-Francisque Jean-Charles jodi vandredi a pral entèveni sou sijè sa a kise” Comment la culture haïtienne pourrait- elle contribuer à la réussite de l’étudiant à l’université haïtienne ?

4-Pou klotire yon parèy aktivite nan dat kap 16 me 2022 a, Me. Jean Garry Sanon ap gen pou pale sou “Université: Le pillier qui fortifie le drapeau comme symbole d’indépendance et de souveraineté”.

Seri aktivite sila yo, rive òganize sou leadership ak dinamism prezidan EDEPP la, msye Noël Mirtho-Vens.

Comments are closed.