Yon bandi tonbe pandan yon operasyon Lapopo sou zile Latòti

979

09-27-2022

Latòti, Ayiti______(TRiboLAND) Yon bandi ki pote non Ronald Petit-Dos alyàs Zobobo jwen lanmò li sou zile Latòti aprè li te atake ak manchèt yon group polisye nan lanwit ki te 26 septanm 2022 a.

Polisye yo te arive  dejwe atak Zobobo a, ki te vize pou koupe tèt yo. Se konsa, yo arive genyen kontròl li ak yon bal nan janm. Bandi Zobobo arive mouri nan lopital aprè li te finn bay anpil san.

Aprè lanmò Zobobo, fanmiy reselè ak zanmi makrèl, pa sispan fè jwèt marèl pou vanje ou atake polisye yo nan komisarya zile Latòti a. Plizyè notab responsab ankouraje tout antite nan popilasyon an pou yo veye anwo veye anba yon fason pou fasilite polisye yo fè travay yo nan lapè sou zile a.

Daprè responsab yo nan direksyon depatmantal polis Nòdwès la, Zobobo te genyen yon gro manda “mennen pote vini” dèyèl. Yo akize prezime a kòm moun ki te mete dife nan komisaryà Latòti a.

Comments are closed.