Gold Cup: Premye twoke kònn Ayiti vèk Bèmid yo

0 361

POTOPWENS__(TRiboLAND) Se jodi Dimanch 16 Jwen an Ayiti pwal jwe premye match li nan kad faz Poul 15èm Edisyon Gold Cup la. Seleksyon national-la pwal koresponn avèk Bermid yo vè 6:00 p.m. lè lokal ou 7:00 p.m. lè Ayiti. Konfwontasyon roule boul-la pwal deroule nan estad nasyonal Kosta Rika-a, kote ki kapab reyini yon piblik ki ka depase plis pase 35,062 moun.

Antouka, Jedi 20 Jwen kap vini la, Ayiti gen pou-l fè fas kare ak Nikaragwa vè 7:00 p.m. oubyen 8:00 p.m. lè Ayiti. Yon match ki pwal fèt nan Dallas, Etazini, nan estad Toyota ki nan Frisko ki ka reyini plis pase 20, 500 moun.

Lundi ki pwal 24 Jwen, Grenadye yo pwal twoke kònn yo avèk Kosta Rika vè 9:00 p.m. lè lokal e lè Ayiti tou. Konfwontasyon sa-a pwal fèt nan Arena Red Bull nan Nouyòk, Etazini, yon strikti ki ka pwan plis pase 25, 000 moun.

Konsa, selon analis yo, gen anpil konfyans pou Grenadye yo ta pete plafon premye enpas yo ki pa ta twò parèt difisil. Ki donk, si se pa devènn, seleksyon an ap kapab jwenn kalifikasyon pou dezyèm tou-a. Fas a yon konpetisyon parèy, antrenè Fwansè-a, Marc Collat mete seleksyon-an sou mobilizasyon san pwan souf. Apa Djimi Alexis, Steeven Saba, ak Dutherson Clerveaux kap evolye lakay, seleksyonè-a arive balanse 20 gwo poto mitan entènasyonal grenad Ayisyen ki epapiye atravè lemonn. Jwè tankou:

Jonny Placide – France, Ricardo Adé – Chili, Isaac Rouaud – France, Mechack Jérome – USA, Josué Duverger – Portugal, Alex Christian – Arménie, Jems Geffrard – USA, Andrew Jean-Baptiste – Suède, Carlens Arcus – France, Bryan Alceus – France, Bicou Bissainthe – USA, Derrick Etienne – USA, Herold Jn Charles – R. Dominicaine, Mikael Cantave – Espagne, Wilde-Donald Guerrier – Azerbaidjan, Zachary Herivaux – USA, Duckens Nazon – Ecosse, Frantzdy Pierrot – Belgique, Hervé Bazile – France, Jonel Désiré – Arménie

Leave A Reply