Otorite Jakmèl yo rale yon machin leta anba dèyè ansyen senatè Dieupie Chérubin

280

11\20\20

Jakmèl____(TRiboLAND) Swit ak yon nòt Ti ponyen sena a te mete deyò sou fòm iltimatòm e ki egzije anafè ak roulibè ansyen senatè ki genyen machin leta nan grif yo dwe pa pita 15 novanm retounen byen leta sa yo san pèdi tan.

Konsa, nan kad pou retounen materyèl Sena Repiblik la, polis sikilasyon nan Jakmèl arive rale san onè ak respè jedi 19 novanm 2020 yon machin palman an anba dèyè ansyen senate Dieupie Chérubin. Materyèl sa ke senatè (homme de Dieu) a te toujou ap itilize aprè manda li, te oblije depoze nan yon komisarya pou swit nesesè; se yon Toyota Land Cruiser koulè gri (zo reken) ki matrikile SE 06 812.

Nap raple pratik dap piyanp sou gaz, kay ak machin leta se bagay ki trè kouran nan peyi Dayiti. Yo arive fèt ak konplisite yon leta koupyon ak gouvènman enkonpetan ki fayi konprann nosyon preliminè nan administrasyon pou nou pa di gouvènabilite. Anpil anployè, senatè, depite, minis, sekretè deta ak prezidan pa epanye nan patoje nan kòripsyon nan fè gagotay ak dap piyanp sou byen leta.

Se chak jou moun pa sispan konstate fason ke moun ap itilize materyèl leta pouf è bisnis pèsonèl yo. Sa fè nou sonje yon ansyen candida pou prezidan ki te akapare yon pakèt gro materyèl anjen lou leta kòm byen manman l ak papa l san li pa janm jwen minòt ak pouswit legal.

Comments are closed.