Yon lòt fwa ankò foutbolèz yo bat gwo rekòd nan arive jwe sou do Mònn Kilimanjaro

0 319

TANNZANI__(TRiboLAND) Se pi gwo suksè kominote foutbòl fanm nan pa janm konnen; arive jwe espò-a nan yon altitid de 18,746 pye (5,714 mèt), se pa bagay jwèt; li pa fasil pou respire. Medam yo ki gen fanm nan fanm yo te arive apwè 40 kilomèt de màch ki te dure 6 jou, te arive touche bat yon rekò mondyal nan jwe yon 90 minit match foutbòl nan yon anvirònman wòch ak sann vòlkanik ki ekstrèmeman difisil sitou lè li -17° F (-27° C).

Nan lane 2017, 28 fanm foutbolèz nan plis pase 20 peyi te bwave kondisyon klimatik danjerez pout e jwe foutbòl sou yon kratè anlè yon tèt mònn ki rele Kilimanjaro nan peyi Tannzani. Otè yo tap jwe-a te plis pase yon kilomèt pi wo ke estad kip lase pi wo nan monn nan. Konsa, foutbolèz sa yo ta pwal pou premye fwa bat yon rekòd mondyal de match foutbòl ki jwe nan pi gwo altitid. Objektif la se te pwouve rès monn nan ki sa jwèz foutbolèz femèl yo kapab fè tou.

Konsa, yon lòt fwa ankò, nan kad yon misyon global, menm jwèz sa yo patisipe nan menm jwèt sa ki se pi gwo jwèt foutbòl nan monn sa. Mònn Kilimanjaro se setyèm pami mònn ki pi wo nan lemon; men li se mònn ki pi wo nan Kontinan Afrik la. Chak ane genyen apepwè 30, 000 moun ki eseye grenpe mònn sila; malerezman mwatye nan moun sa yo pa janm rive fè siksè a koz pwoblem malady altitid. Moun ki pi aje ki premye touche some-a rele Dr. Fred Distelhorst, li te gen 88 lane; e fanm ki te arive grenpe li avèk siksè li rele Angela Vorobyova, li te gen 86 lane.

Leave A Reply