Arestasyon azèk Josaphat Aduis pou libere prizonye anba tab

05-26-2022
Nodès Ferye_____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Me Eno Zephirin, arete Azèk Josaphat Aduis nan pwan lajan pou libere Wildin André, ki tap vale prizon pou volè cheval e fè fo letanp. Jozaphat, ki twouve l nan gadavi komisarya Fòlibète jounen jodia, fè konnen paran Widlin te al kote mèt cheval la, ki se Francique Mondésir ak jij Jordanie Joseph nan kad negosye avèk li.
“Pati sivil la pa pou mwen, se pati penal la ki pou mwen; kidonk, jij la ki te delege m pou pran 50.000gd nan men paran Wildin. Mwen te pwan 50.000gd la e mwen remèt li bay jij la epi li bann lòd pou libéré Wildin”, daprè Azèk Josaphat ki konfime ke li te pran 10.000gd nan men yo egalman, yon fason pou li te separe ak moun kite ede l mete anba kòd vòlò chwàl la ki se Wildin.
Azèk Josaphat rabat pou li di ke li pa konpran pou ki sa se li menm komisè a arete alòs ke se jij Jordanie Joseph ki fè l pran 50.000gd la men paran Wildin pou l te ka libere l.
Nap raple eskandal rakèt sou nan bay jistis pa sispann repete nan depatman Nòdès peyi a; se yon veritab pichon kòripsyon kap fè chemen l atravè repiblik la egalman.
Jn simon Manex






