Atak bandi ame: Senatè Joseph Lambert blese gravman grav anba bal

592

01-08-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Ensekirite a, rive egalman sou ti rès Sena Repiblik la. Senatè sidès la, Joseph Lambert, resevwa plizyè bal anba men nèg ame jous nan dan jodi dimanch 8 janvye 2023 a, sou Bisantnè a.

Lambert pran plizyè bal e li blese gravman grav. Sepandan, ta sanble ke vi li pa menase, selon yon sous ki pròch senatè sanksyone a. Se konsa, anpil bwàs tap miltipliye pou transpòte “l’animal politique” nan yon lopital non-idantifye nan kapital la pou swen nesesè.

Li enpòtan pou sinyale, bandi kriminèl yo aprè krim nan, ta akapare machin senatè a, selon kèk temwen ki tap depoze. Senatè Joseph Lambert ki deja genyen yon dosye sanksyon ki pandye sou tèt li, trouve li malerezman pra’l fè fas ak yon lòt dosye ki se lasante.

Yon parèy ensidan rive, kèk ti tan pou fen manda ti rès Sena Repiblik la.

Comments are closed.