Sektè kilti/Nekroloji:Yon aktè akize nan zafè vyòl mouri nan yon otèl nan Sendomeng

3,112

05-26-2022

Sendomeng_____(TRiboLAND) Yon aktè ameriken ke non l site nan zafè krim vyòl, mouri nan yon otèl pandan lap dòmi nan peyi Sendomeng, Repiblik Dominikèn jounen jedi 26 me 2022 a.

Ray Liotta, aktè ameriken an ki tap evolye nan domèn kilti patikilyèman nan sinema, e ki genyen 62 rekòt kafe sou tèt li, mouri pandanl te nan tounaj nan yon otèl nan Sendomeng.

Dapwè pakè nan peyi Britanik notamman, Crown Persecution Service, otorite yo deklare nan yon kominike, jounen jedi 26 me 2022 an ke aktè an te akize kòm moun ki fè krim seksyèl ou jwet sisinaj sou 4 moun pami yo 3 ti lèzanj gason.

Pou rezon sa yo, otorite yo nan peyi Britanik te oblije mete aksyon piblik an mouvman kont aktè Ray Liotta. Antouka msye Liotta, te vrèman fè non l nan domèn sinema a sitou, ak seri “Les affranchis”. Ke nanm li repoze nan lapè ak trankilite etènèl.

Comments are closed.