Pòdpe Anviwonnmantal : Dè Letan nan Pòdpè anba dlo, abitan yo lanse yon apèl pote sekou bay otorite yo

55
0
Share:
TRiboLAND

10/30/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Moun k ap viv nan zòn Dè Letan, nan vil Pòdpe, depatman Nòdwès la, lanse yon apèl sekou bay otorite konsène yo devan sitiyasyon malouk y ap konfwonte akoz inondasyon. Majorite kay nan zòn nan pran dlo, pandan anpil ladan yo anvayi ak labou, sa ki mete abitan yo nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Gen moun ki oblije viv nan kondisyon ki sanble ak lavi kana, tandiske lòt yo ap chèche refij lakay fanmi, zanmi oswa bon vwazen pou yo kapab pase nwit yo. Devan reyalite sa a, abitan yo, atravè yon òganizasyon kominotè ki konn fè rankont chak jedi, mande otorite yo entèvni rapidman pou pote asistans epi ede yo jwenn yon solisyon dirab.

Daprè sa abitan yo fè konnen, anpil fanmi ki gen kay yo anvayi ak dlo ak labou oblije mete tòl anlè kay yo pou yo kapab jwenn yon ti espas pou rete. Sitiyasyon sa a mete lavi yo an danje epi fè yo pèdi anpil nan konfò yo te genyen lakay yo. Yo mande otorite yo idantifye yon espas ki kapab sèvi kòm refij pou moun ki pi afekte yo. Sepandan, kèk abitan kwè gen posiblite pou amelyore sitiyasyon an si otorite konsène yo pran dispozisyon pou jere kanal ki soti nan zòn Pak Gélin an, yo konsidere kòm youn nan sous dlo ki vin anvayi kay yo. Yo souliye tou jan kondisyon lavi yo vin pi grav pandan ane yo, nan yon zòn yo konsidere kòm abandone pa Leta.

Anplis pwoblèm inondasyon an, abitan Dè Letan yo denonse absans sèvis sosyal debaz nan kominote a. Daprè temwayaj yo, sa gen anviwon uit lane depi zòn nan te genyen yon lekòl nasyonal ki te konn resevwa anviwon 180 elèv. Men, akoz pwoblèm peman lokal la ak neglijans responsab Leta yo, lekòl sa a pa egziste ankò. Abitan yo fè konnen sitiyasyon an pa t toujou konsa, men kondisyon lavi yo vin degrade anpil, sa ki mete popilasyon an nan yon gwo sitiyasyon vilnerabilite. Yo estime, si otorite yo pran responsablite yo, li posib pou jwenn kolaborasyon divès enstitisyon pou mete sèvis enpòtan nan zòn nan, tankou lekòl ak dispansè, pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an.

Pandan abitan yo ap chèche konnen ki kote yo kapab jwenn sekou, yon kesyon ap poze ak anpil enkyetid : ki solisyon otorite yo prevwa pou Dè Letan, yon zòn kote inondasyon ap rann lavi moun yo pi difisil chak jou? Èske Leta pral pran mezi pou amelyore drenaj la, mete sèvis sosyal debaz yo disponib epi akonpaye fanmi ki viktim yo, oswa èske li pral oblije deplase moun ki te vin konstwi nan zòn sa a ki se plas yon nap dlo nan tan pase yo? Pou anpil abitan, priyorite a se jwenn yon kote ki an sekirite pou viv epi benefisye kondisyon lavi ki pi diy. Kounye a, se sou otorite konsène yo je kominote a fikse, nan espwa yo va tande apèl sa a epi pran mezi konkrè pou evite sitiyasyon an vin pi grav.

Share:

Leave a reply