Yon delegasyon ki gen nan tèt li Minis anviwònman an vizite depatman nòdwès la

340

09\03\2020

Pòdpè_____(TRiboLAND) Yon delegasyon ki soti pòtoprens e ki genyen nan tèt li Minis anviwònman an Abner Septembre ak direktè jeneral la rive e ap gen pou pase 2 septanm jiska 4 septanm nan depatman Nòdwès la.

Delegasyon sa ki deja reyini ak delege depatmantal nòdwès la Sony Dodoille ki se prezidan konsèy minisipal mèri Pòdpè a Josue Alusma yon mannyè pou poze pwoblèm basen vèsan yo nan vil Pòdpè.

Minis Abner nan vizit li l soulinye 2 pwoblèm majè ke vil Pòdpè ap fè fas. Li pale de konstriksyon anachik ak moun kap koupe pye bwa pasi pala. Sepandan, dapwè Abner Septembre, atravè yon pwogram ke yo rele “nou pral rekòlte dlo”, plan stratejik yo se rive enstale ponp solè pou popilasyon an kapab gen aksè ak dlo yon mannyè pou remete kanpe pwodiksyon agrikòl, endistriyèl ak yon pakèt lòt kalite danre, daprè responsab sektè anviwònman an.

Yon lòt bò, delege depatmantal la konsyan de nivo degradasyon depatman li reprezante a, notamman vil Pòdpè parapò ak moun kap konstwi pasi pala. Delege a anonse yon seri travay kap gen pou komanse nan mòn yo a kou, mwayen e a lontèm pou amelyore sitiyasyon vil sila.

Pou prezidan konsèy minisipal Pòdpè a Josue Alusma karans moun ak materyèl se 2 gwo pwoblèm ke mèri lap dirije a ap fè fas. Li soulinye nesesite ki genyen, pou lamèri, delegasyon, agrikilti ak anviwònman rive fè yon senbyòz yon mannyè pou chanje imaj vil Pòdpè.

Genson HYPPOLITE

gensonhyppolite8@gmail.com

Comments are closed.