Youri Latortue dezabiye Jovenel Moise devan monn entènasyonal la

213

02/17/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan yon entèvwu ke li akòde chènn televizyon “France 24” madi 16 fevriye 2021, ansyen alye PHTK a, ou ansyen prezidan sena a, Youri Latortue depoze san filtè pou Jovenel Moise devan kominote entènasyonal la. Se sa leader opozisyon an bliye li pa di France 24!

  • Pandan tout enstitisyon ou tout sèktè anndan ak deyò peyi a rekonèt ke manda Jovenel Moise kaba depi 7 fevriye dènye; se etone anbasad amerikèn kontinye ap bay pouvwa Jovenel Moise la tete toujou e menm vle ba li jarèt jiska 7 fevriye 2022; alòske 3 gwo poban inivèsite (Havard, Yale Inivèsite ak New York Inivèsite) ki genyen pwestij nan peyi Etazini rekonèt pouvwa Jovenel Moise la pran fen depi 7 fevriye 2021, daprè atik 134-2 nan Manman Law peyi Dayiti a.
  • Kesyon pou Jovenel Moise mache pòs li a, pa yon kesyon opozisyon sèlman; se tout latriye sektè nan peyi a tankou: legliz Katolik, Pwotestan, òganizasyon sendikal ak dwà moun ki rele chalbarik dèyè pouvwa ansyen prezidan Jovenel Moise la.
  • Peyi a bezwen yon tranzisyon kap genyen pou divòse ak tout yon seri vye pwatik sistematik; e nouvo prezidan dezinye a, Joseph Mécène Jean Louis, se lidè ideyàl la pou yon parèy chanjman.
  • Se pa etonan ke peyi Etazini, OEA, ak ONU kontinye ap supòte Jovenel Moise toujou; paske kominote entènasyonal la te toujou anba kontwòl ansyen prezidan Etazini an, Donald Trump. Konsa, Trump te toujou yon garanti pou kore pouvwa Jovenel Moise la ki te oblije sakrifye rapò zanmitay Ayiti ak Venezwela nan vote nan ONU kont pouvwa Nicolas Maduro anfavè peyi Etazini.
  • Selon leader AAA a, opozisyon an espere wè nouvo prezidan Joe Biden pran yon pozisyon diferan tankou jan li te fè konprann li nan moman kanpay li lè li te repwoche Donald Trump pou fason li te abandone Ayiti. E li te pwomèt li pràl pran dosye Ayiti a an men.
  • Youri Latortue evoke 2 kalite krim ki fè Jovenel Moise afiche yon konpòtman parèy: a) krim finansyè ki gen pou wè avèk enplikasyon konpayi Agritans ki te pwopwiyetè prive Jovenel Moise ki endekse nan bwiganday sakèt leta, san konte kòripsyon ou delapidasyon Fon Petwo Karibe a (4.5 milyà dola); b) rim sanginè: Jovenel Moise ap bat pou jwen yon amnisti alawoon badè pou li ak tout reselè PHTK yo ki enplike nan fè krim ou masak tankou Lasalin, Bèlè kote ke genyen plizyè douzèn malere ke yo asasine; anplis, prezidan defakto a federe yon pakèt gwoup gang ak distribye zàm nan divès katye defavorize anndan peyi a nan objektif pou entimide sitwayen yo nan moman eleksyon.
  • Youri ki te yon ansyen konseye pou PHTK, konfime ke Jovenel Moise se yon “diktatè” pwiske li kraze tout lòt enstitisyon demokratik yo. Li se sèl kòk chante kote ke pa genyen palman, pa genyen pouvwa jidisyè e se sèl li menm kap deside pou tout rès peyi a nan yon seri dekrè tèt anba.
  • Youri konfime ke ansyen pwezidan Jovenel Moise vle rete sou pouvwa a pou jiska 7 fevriye 2022. Se sa ki esplike ke li kreye yon konsèy elektoral tèt chat, li vle chanje konstitisyon peyi a san apwobasyon lòt antite, e san règ yon fason pou pwoteje tèt li ak tout reselè kap benyen nan krim finansyè ak san.
  • Ansyen alye PHTK a, kalifye alegasyon koudeta yo ki okazyone arestasyon yon latriye sitwayen ayisyen kòm mansonj. Yon parèy akizasyon arive fèt nan objektif pou jistifye arestasyon jij nan Lakou Kasasyon an e demantle sistèm jidisyè peyi a.

Comments are closed.