Pòdpè: Yon mès Aksyon Degras chante Nan Demelis nan okazyon fèt Sentann Charitab

394
5
Share:
TRiboLAND

10 – 09 – 2024

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Yo te divès inisye ou fidèl inikman fanm, abiye an blan jodi mèkredi 9 oktòb 2024 la, reyini nan Gran Lakou Rasinn Lakay kote Ougan Tony ap dirije Nan Demelis, vil Pòdpè.

Kantik tout kalite, ki makònen ak yon seri kantik ki makònen ak legliz Katolik, te anvayi Lakou Granmèt la ak lèsen yo. Antannman koral ki te plis chita sou tit  “Map antre lakay ou Sentann, poum rive fè youn avèk ou; se Lespri Sen ki rasanble nou, poun rive fè youn avèk you”, se te pi gro pyès mizikal sinifikatif moman seremonyèl la.

Ougan Toni ki tap adrese konkregasyon fanm nan, se te sèl kòk chante pami yon asanble ki konpoze inikman fanm ki detèmine pou epole estrikti senkretizim sila ki kòmanse pran jarèt nan vil Pòdpè. Li te mete aksan sou Sòm 86: 1 – 11 ak  Matye 13 : 51 – 53, kote ke Jezi tap pataje yon seri bèl konesans ak yon seri moun ki tap koute’l…. Nan mitan medam yo, moun te kapab remake, aparisyon reprezantan 2 dinyitè vodou a, pami yo Ati Nasyonal la, ki te pote sipò li bay yon parèy selebwasyon Sentann Charitab nan Lakou Gagngan Toni nan katye Demelis nan vil Pòdpè.

Nap raple, anbyans seremonyèl sila, ki se yon maryàj Sentann ak Rasinn Lakay, genyen 3 lane depi ke lap pran jarèt nan vil Pòdpè, si nou ta vle kwè PDG Ougan Tony, ki se alatèt troupe fanm sila yo.

Share:

5 comments

Leave a reply