Eleksyon : Emmanuel Rémy retire kandidati li pou pòs senatè nan Nòdwès sou banyè DEBLOKE

116
0
Share:
TRiboLAND

11/03/2026

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon korespondans ki pote dat 2 novanm 2026 la, nan vil Pòdpè, Emmanuel Rémy anonse ofisyèlman li retire kandidati li pou pòs senatè nan depatman Nòdwès la sou banyè pati politik Michel Martelly a, DEBLOKE. Nan lèt li voye bay responsab nasyonal pati a, li fè konnen se pou rezon konvenans pèsonèl li pran desizyon sa a. Li pwofite salye kouraj ak angajman responsab yo nan batay pou reprann pouvwa atravè mwayen demokratik, nan objektif pou ede peyi a soti nan kriz politik ak ensekirite k ap boulvèse l depi plizyè ane.

Nan menm korespondans lan, Emmanuel Rémy mande responsab nasyonal DEBLOKE yo pou yo pran tout dispozisyon nesesè pou fè demach retrè kandidati li a devan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Li mande tou pou yo chwazi yon lòt kandida pou ranplase li nan kous elektoral pou Sena a nan depatman Nòdwès la. Desizyon sa a vini nan yon moman kote divès pati politik ap kontinye mete estrateji sou pye pou prepare patisipasyon yo nan pwochen eleksyon yo.

Malgre li deside kite kous pou pòs senatè a, Emmanuel Rémy fè konnen sa pa vle di li vire do bay DEBLOKE. Li deklare li rete atache ak valè pati a ap defann, epi li dispoze akonpaye lòt kandida yo pandan kanpay elektoral la nan depatman Nòdwès la. Li swete kontribye nan bon rezilta pou tout kandida ki pral reprezante estrikti politik la, pandan li reyafime angajman li dèyè eslogan pati a : « DEBLOKE, yo paka bare n ! » se konsa li fini korespondans li a.

Share:

Leave a reply