Nan kad pwogram kantinn eskolè “TRINITE – HOPE” lan yon ventèn direktè lekòl nan Grandans siyen kontra.

876

09 – 10 – 2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND ) Plis pase yon ventèn direktè lekòk, piblik, kominotè, lekòk pwotestan yo kite soti, atravè katòz komin depatman Grandans lan, siyen kontra ak reprezantan “TRINITE-HOPE” lan nan vil Jeremi.

TRINITE – HOPE, se yon òganizasyon byenfezans, sitwayen ak sitwayènn ameriken ap bay jarèt depi plis pase yon kenzènn lane. Objektif yo se ede timoun afè pa bon yo, ki nan zòn riral yo atravè depatman Grandans. Se yon estrikti ki anba direksyon agwonòm Hancy Popo.

Ansanm pastè, direktè lekòl komintè ak lekòk piblik ki benefisye pwogram kantinn eskolè a, bat bwavo lakontantman pou sitwayen ak sitwayènn ameriken sa yo, ki deside ede sak ki pi fèb yo, patikilyèman nan depatman Grandans peyi Dayiti.

Comments are closed.