Me plizyè trik pou retire sant pwàson kri nan men ou!

525

(TRiboLAND) Apwè ou finn grate yon pwàson e ou menm lave men ou, odè toujou rete e men ou toujou santi kri! Me plizyè trik ki kapab ede’w retire sant pwàson kri nan men ou.

Pat dantifris

Gras ak kapasite li pou absòbe, pat dantifris trè efikas pou konbat sant santi kri nan men. Fwote men ou ak yon ti kal pat dantifris. Savonnen e rense men ou ak dlo, sant pwàson an ap disparèt otomatikman.

Ji sitwon

Fwote men ou ak ji sitwon e sant santi kri pwàson an ap disparèt.

Ma kafe

Si men ou genyen move sant, fwote y oak ma kafe e vye sant lan ap disparèt lapoula.

Sèl

Fwote men ou avèk sèl fen e rense avèk dlo fwèt. Answit lave yo avèk savon.

Silvouplè, toujou pran abitid lave men ou ak dlo fwèt pou retire move odè. Dlo cho pa tèlman apwopwiye; li plis kenbe move odè a nan men ou!

Comments are closed.