Pè Réginald Gabriel rantre machin sou yon group moun nan yon pwogram Ti Sourit

1,071

08-08-2022
Karis, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou “Karis Lakayan’m fè avèk Agwonòm Michel Guempson sou machin ki rantre sou moun pwogram Ti Sourit yo; li fè eta de yon chanpyona “Ti sourit” li te òganize nan okazyon fèt Sent Elèn nan non Fratènite Biznis.

Michel deklare ke se depi nan kòmansman aktivite pwogram Ti Sourit la ke  Pè Réginald Gabriel avèk tout Doktè Nachmy tap fè lanavèt nan espas aktivite a pou mande kanpe chanpyona a.

Agwonòm nan rapouswiv pou li di ke li te fè konnen ke li te ekri Lamèri e Lapolis ki bay yo lèt otorizasyon pou mete pwogram Ti Sourit la sou pye.

Se konsa, kèk èdtan aprè, Pè Réginald ta pral rantre machin li sou moun yo ki te nan fèt la. Pou agwonòm li pa konnen si komin Karis se byen prive ki rele yon gwoup moun chèmèt chèmètrès tankou Gabriel elatriye.

Nap fè remake pat gen dega ki fèt .Men se yon ak anpil moun deplwore nan jan sa fèt la.

Jn Simon Manex

Comments are closed.