Pòdpè/Ensekirite : Lapolis prosede ak arestasyon yon chèf gang sangwen nan lokalite Wo Founo

3,391

Wo Founo, Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon rejyon ki rele Wo Founo, ki trouve li a kèlke kilomèt vil Pòdpè, fòs lòd yo nan depatman Nòdwès la poze lapat aprèmidi madi 17 me 2022 a nan kasav Jean Baptiste Jean Deny alyàs “Zangi”, ki se yon gro chèf gang pwisan nan zòn Twa Rivyè.

Egzaminasyon preliminè yo fè eta de tout yon latriye akizasyon ki pandye sou tèt Zangi tankou: asosyasyon malfektè, kidnapping, vòlò ak atent sou lavi moun. Zangi te fè prizon deja, anba akizasyon vyolans ak menas kont lapolis nan lane 2021 an.

Antouka, responsab sekirite yo nan Nòdwès reyitere yon lòt fwà ankò volonte yo pou kontinye batay san rete nan objektif pou arive pasifye departman an.

Chef gang Zangi, genyen anpil akizasyon sou tèt li tankou: kidnapping, vòlò, ak menas lanmò sou moun. Li te fè prizon nan lane 2021 pou vyolans ak menas kont lapolis. Zangi, ki toujou nan konfyolo ak yon seri bandi legal PHTK nan vil Pòdpè, te toujou jwenn liberasyon chak fwà li nan detansyon sou pretèks li toujou ap vann zangi pou yon seri gro komèsan kòronpi nan site Kapwà Lamò a.

An revanj, Direksyon depatmantal polis la detèmine fwa sa ninpòt moun ki gen zam illegal e ki enplike pre ou lwen nan zak malonèt pou teworize popilasyon an, yo tout ap anba kòd jiskaske yo dezenfekte Nòdwès.

Comments are closed.