Popilasyon an mare kou krab Zòrèy ensikoni, ki tap pote zam ak minisyon bay chèf gang Savyen an.

724

06-03-2023

Latibonit, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Latibonit pap dòmi. Olvens Cila, alyas Zòrèy, mare kou krab, akòz li tap fè jwèt reselè pou pote zam, ak minisyon bay Luckson, chèf gang kriminèl kap opere nan lokalite Savyen, depi yon bon bout tan.

Akize yon akolit li ki se Bermane, kòm moun ki ta ka lotè gwo zak konplisite sa a, Olvens Cila, ki pat vle bay bonjan esplikasyon konsènan bwat zam yo, fè konnen, li pa gen okenn lyen ak chèf gang Savyen an, se pote yo te bal pote zam ak minisyon yo.

Antouka, Olvens Cila alyas Zòrèy, ta sanble avan li te mouri te vle fè tèt li pase kòm inonsan. Li te vle voye tout chay la sou Bermane, kap opere nan lokalite Lasalin kòm kwa se li menm ki lotè gwo zak briganday transpòtasyon zam ak minisyon bay chèf bandi Savyen an, nan depatman Latibonit lan.

Comments are closed.