Ensekirite ap fè raj nan komin Senlwidinò: 8 moun mouri e 8 kay bwile ra pye tè nan yon kanaj

2,308

05/04/2022

Degranj, Senlwidinò_____(TRiboLAND) Machin ensekirite a pran yon vitès ke moun pa kapab imajine nan dènye jou sa  yo nan komin Senlwidinò, patikilyèman nan lokalite Rabren a kèlke kilomèt 3èm seksyon Degranj.

Se avèk anpil dezolasyon popilasyon Senlwidinò a viv yè vandredi 29 avril 2022 amasak yon group bandi fè sou yon group sitwàyen nan lokalite Rabren, 3èm seksyon Degranj. Bandi sangwen yo te byen ame soti 5èm seksyon Pandi, debake nan yon lokalite ki rele Rabren, 3èm seksyon komin Senlwidinò vè 6h nan maten. Konsa, you boule 8 kay peyizan yo, epi touye 8 moun san oken fòm prosè. Kidonk, yo dekapite yon moun, e plizyè lòt arive mouri anba bal zam blanch. Sa ki revòltan, bandi yo aprè kanaj la te oblije rache ou filange viktim yo.

Yon asyen azèk nan seksyon an, John Altès ta fè kwè jis koulya fanmiy viktim yo pa jwenn vizit otorite yo nan komin nan malgre demach yo fè bò kote yo. Yon sitiyasyon ki kreye panik ak konstènasyon ki oblije anpil rezidan mete tèt yo deyò san konnen kote yo pwale.

Daprè moun nan popilasyon an, sitiyasyon sa gen plis pase konbyen lane depi bandi Erik, Zaèl ak plizyè lòt sangwen ap boule kay, touye moun e pran tout sa peyizan 6è,3è ak 4è seksyon te posede, nad marinad, otorite yo pa janm di ki mo ki touye lanpèrè. Konsa, maleng lan tounen java jodia! Anfen kay boule, moun mouri, moun ap kidnape andedan kay, anyen pa fèt pou soulaje sò popilasyon an. Okontrè, gen nan otorite Nòdwès yo ki nan pataje resèt ak bandi e menm arive libere yo lib e libè!

TRiboLand estime ke foto yo trè grafik; konsa, li chwazi pa pibliye yo!

Comments are closed.