Ayiti ekstrade “Yonyon”, pi gro chèf gang sangwen 400 Mawozo a nan peyi Etazini

3,034

05/03/2022

Se jodi madi 3 me 2022 a, otorite ayisyèn yo nan peyi Dayiti arive materialize rekèt otorite jidisyè amerikèn pou ekstrade youn nan pi gro kriminèl chèf gang peyi Dayiti a ki rele Germine Joly alyàs “Yonyon” nan peyi Etazini.

Gro Bawon chèf gang 400 Mawozo a te minote e eskòte anba vijilans ajan FBI akonpanye ak plizyè ajan fòs lòd ayisyen jous sou pis ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture. Yonyon ekstrade abò yon avyon espesyàl FBI. Li te genyen yon manda “pote vini entènasyonal” ke yon tribinal nan Distri Kolombya nan peyi Etazini te desène dèyè l.

Chèf gang toupwisan an ki te deja ap fè pwizon dore premye klàs, genyen plizyè chèf dakizasyon ki plane sou tèt li:

  1. Yo akize Yonyon dèske li tef è konplo ak vyole yon seri lwà amerikèn ki entèdi ekspòtasyon ou kontrebann sou tèritwà peyi Etazini.
  2. Yo repwoche li dèske li tap fasilite zàm lagè soti nan peyi Etazini pou antre anndan peyi Dayiti.
  3. Yonyon genyen egalman dosye anlèvman ak sekestrasyon sitwàyen ameriken an echanj ranson.

Bagay ki sou do Yonyon yo pa piti! Yo repwoche l egalman dèske li se gran Toryan gro òganizasyon gang kriminèl ki enplike nan gro tonton zàk tankou: mete dife ou detwi byen prive, vòlè machin, asasinay, anlèvman e latriye.

Ekstradisyon Yonyon an fèt nan yon moman kote ke te genyen gro rimè ki tap sikile e ki te vle fè konprann ke asosyasyon kriminèl 400 Mawozo ki genyen nan tet li “Lanmò 100 Jou” ta menase pou atake, kraze prizon e antre pran lib e libè Yonyon, chèf suprèm sangwen yo.

Antouka, pou yon seri kritik, yon parèy ekstradisyon plis jwe an favè kriminèl notwà a ki pràl jwen plis sekirite. Aprè tout dega ak krim demezure sa yo. Kidonk, Yonyon soti e kite peyi Dayiti sen e sof! Gen lòt tou ki deklare, se plis tristès ki anvayi kè yo; yo estime se ankò yon zàk awogan ki montre tè Papa Desalinn nan se yon savann; yon lòt fwà ankò nou pa genyen tikal jistis ak souverènte ki rete ankò, daprè Derosier, pwòch yon viktim kidnapping ki deklare sa pa ta etonan ke se “Mèt chat la ki vinn sove chat li”!

Enel Richard

Comments are closed.