Basen Milèt, yon pisinn òganik ki mete komin Sen-Lwidinò an valè

1,129

Basen Milèt se non, yon pisinn òganik kap layite kòl nan premyè seksyon Rivyè Dènèg, komin Senlwidinò, nan Nòdwès peyi Dayiti.

11-27-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Si nan peyi Dayiti genyen divès basen tankou: Basen ble nan Jakmèl, Basen Zim ak divès lòt kalte basen, kap fè pale de yo; ebyen nan komin Senlwidinò, ki a kèlke kilomèt vil Pòdpè, moun kap fè touris enteryè kapab dekouvri yon mèvèy pou anpil moun ki rele “Basen Milèt”.

Yon koulè ble vèdwayan adistans alwanye, ofri yon panorama dodomeya ki gen konplisite yon parachit enpresiv jèdo kap simaye farinay sou tèt amoure amourèz kap chèche wout frechè natirèl.

Basen Milèt, yon lye ki pa sispann fè moun reve, yon espas paradizyàk kap yaya kòl e ki prezante yon potansyèl opòtinite ekonomik nan nivo tourism ekolojik.

Plase nan yon milye vèdòyan, atreyan, rich ak divès kalite pye bwa, bèl wòch a pigman kolore. Se malere, Basen Milèt pako janm jwenn asistans otorite lokal yo vwa pou nasyonal yo.

Nan tout peyi serye sou late, sèktè touris la, se yonn nan pwen fò ki bay ekonomi jarèt, alòske nan peyi Dayiti yon parèy sèktè trè meprize; konsa, sa lakòz tout potansyalite yo meprize kote LETA pa janm mande sal pote nan dkakout li.

Comments are closed.