SEKIRITE NAN NÒDWÈS: KOMISÈ JEIR PIERRE MANDE POLISYE YO RETE DJANM, ALOSKE POPILASYON AN MANDE EKSPLIKASYON

10/26/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon mesaj sansibilizasyon li voye bay polisye k ap sèvi nan depatman Nòdwès la, Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Jeir Pierre, mande ajan Lapolis Nasyonal Dayiti yo pou yo ranfòse efò yo nan batay kont ensekirite a. Selon sa ki parèt nan mesaj la, komisè a fè konnen li okouran gen kèk otorite ki ta ap deklare depatman an riske tonbe anba kontwòl bandi. Li ankouraje polisye yo pou yo pa kite okenn presyon dekouraje yo nan akonplisman misyon yo, men pito pou yo rete mobilize pou pwoteje lavi ak byen popilasyon an. Komisè a mande yo tou pou yo ranfòse sekirite nan pwen estratejik yo, pandan li ensiste sou nesesite pou yo fè kontwòl idantite nan pòs verifikasyon yo, yon fason pou idantifye nenpòt moun ki ta reprezante yon menas pou sekirite piblik la.
Sepandan, entèvansyon sa a relanse deba sou pozisyon Komisè Jeir Pierre te pran nan komin Sen Lwi Dinò, kote li te deklare piblikman ke pa gen bandi nan rejyon an; yon deklarasyon ki te soulve anpil kesyon nan mitan moun ki konsidere gen gwo enkyetid sou prezans ak enfliyans gwoup ame nan kèk lokalite. Gen moun ki fè referans ak Ti Rach ak ekip li a, yo prezante kòm yon gwoup ki ta ap ogmante enfliyans li nan zòn nan. Nan kontèks sa a, plizyè obsèvatè ap chèche konprann kijan komisè a evalye sitiyasyon sekirite a ak sou ki enfòmasyon li baze deklarasyon li yo. Kesyon sa yo vin pi enpòtan toujou nan yon moman kote popilasyon an bezwen garanti klè sou kapasite otorite yo ki ta deja nan konplezans ak chita tande ak bandi nan komin Sen Lwi Dinò, yon konpòtman reselè ki ta fasilite gwoup gang ame yo genyen kontwòl plizyè rejyon tankou Sen Lwi Dinò, Basen Ble, Wo monstik, Laplat e latriye.
Anplis kesyon sou deklarasyon komisè a, gen anpil entèwogasyon sou relasyon ki genyen ant Pakè Pòdpè a ak Direksyon Depatmantal Lapolis Nòdwès la. Kèk moun ta mande ki limit responsablite Komisè Gouvènman an kòm chèf pouswit nan jiridiksyon an, epi kijan li kowòdone aksyon li yo ak responsab polisye yo nan kad batay kont ensekirite a. Popilasyon an ta renmen jwenn plis limyè sou kolaborasyon ant de enstitisyon sa yo, sitou nan kesyon estrateji, pataj enfòmasyon ak pwoteksyon sitwayen yo.
Finalman, mesaj komisè Jeir Pierre a, ta soulve plizyè lòt gwo tonton kesyon: ki yès otorite li fè referans ak li yo ki ta ap avèti sou posiblite pou depatman an tonbe anba men bandi? Pou ki sa Ti Rach kontinye ap feraye nan Sen Lwi Dinò e menm ta deklare ke se li menm ki ta touye Rabòt; pandan enfòmasyon yo ta fè konnen ke ta genyen yon evantyèl rankont ant Komisè Jeir Pierre avèk Ti Rach kòm gwo chèf gang; san arestasyon. Pandan kesyon sa yo ap kontinye poze, popilasyon Nòdwès la rete nan atant esplikasyon klè ak aksyon konkrè nan men otorite konsène yo, ki ta sanble anpil fwa ap fè jwèt yon kout dlo cho, yon kout dlo fwèt nan pase men sou tèt gang kòm anfan gate an echanj pou montre ke se kapasite yo ak konpetans otoritè yo ki fè genyen lapè nan depatman an.






