MIBALÈ : NÒT DEPRÈS BIWO ANSYEN SENATÈ ABEL DESCOLLINES

2,572

05/03/2022

Mibalè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote non biwo ansyen depite Mibalè a, Abel Descollines atravè nòt sila lanse yon SOS bay tout ONG entènasyonal kap travay nan peyi Dayiti pou pote asistans bay komine Mibalè.

Depi week-end premye Me 2022 ki pase a, plizyè santèn moun ki tap viv nan komin kwadèboukè ak nan la plèn debake nan komin Mibalè.

Kantite moun sa yo kouri kite kay yo akòz konfli ame ant group gang sangwen ki grangrennen tout plènn kwadèboukè a nèt. Latriye moun ki sòti nan komin kwadèboukè, Laplèn ak Site Solèy kap debake nan komin Mibalè, deja bay anpil tèt chaje akòz mankman kapasite dakèy yo.

Mete sou sa, enstitisyon nan komin Mibalè pagen mwayen pou bay asistans ak kantite moun sa yo ki masivman antre pran refij nan rejyon an. Biwo ansyen depite Abel Descollines nan sans sa a, mande gouvènman premye minis Ariel Henry a, pou pran reskonsabilite l devan danje ki menase popilasyon komin Mibalè a.

Biwo ansyen depite Abel Descollines mande koyalisyon ki sou pouvwa a, pou ede san pèdi tan otorite nan komin Mibalè prepare yon espas dakèy pou kantite moun kap kouri kite Kwadèboukè, Laplèn ak Site Solèy akòz lagè ant gang ame sangwen yo.

Pou Descollines ki genyen boubout li ke li te fè plase san konpetans nan bwàt diplomatik yo lòt bò dlo, rete kwè premye minis Ariel Henry ansanm ak tout koyalisyon ki sou pouvwa dwe fè yon jès pou libere pèp ayisyen si zanka yo pa kapab bay rezilta!

Comments are closed.