Fòs lòd yo nan peyi Dayiti mete anba kòd youn nan sangwen ki te toujou ap founi gwoup gang sangwen 400 Mawozo zàm ak minisyon

2,201

04-26-2022

Kwà Dèboukè_____(TRiboLAND) Nan yon nòt li mete deyò jodi madi 26 avril 2022 a, otorite polisyè yo anonse arestasyon Maxony Germinal 40 lane sou wout Malpas, rejyon fontalyè Repiblik Dominikani ak Repiblik Dayiti.

Antouka, tankou tèt sèk ki te bezwen lapli, ajan PNH yo arive mete lapat sou Maxony ki te genyen yon manda “pote vini”

Ke tribinal pwemyè enstan Kwà Dèboukè te lage dèyè pwezume kriminèl la key o akize ki tap founi zàm ak munisyon bay group gang  sangwen 400 Mawozo. Ajan Polifront yo fouke revandè zàm nan nan yon Ford Ranger blan, imatrikile AA-22747 sou rejyon Malpas.

Konsa, nòt PNH la kontinye pou li di ke achtè zàm pou group sangwen 400 Mawozo a trouve li anba men DCPJ ak tout paspò e machin li pou prosesis jidisyè yo; e li envite popilasyon an pote kole nan kad batay fòs lòd yo pou matrake bandi jiskaske yo eradike yon parèy flewo.

Comments are closed.