Dezolasyon ak konstènasyon : yon kàd nan DGI krible anba bal bandi nan yon tantativ kidnapping nan Dèlma 83

2,951

Dèlma, Pòtoprens_____(TRiboLAND) Bandi sagwen ame jous nan dan krible anba bal Léger Boyer, yon kàd nan DGI nan moman yon tantativ kidnapping madi 26 avril 2022 a nan Dèlma 83.

Enfòmasyon  yo fè eta de Léger Boyer, yon pitit Anikè, depatman Sid peyi a, yon kàd nan Direction Générale Impots (DGI), yon ansyen etidyan INGHEI ou yon detantè yon espesyalizasyon nan fiskalite nan peyi Lafrans, jwen lanmò li lòske yon seri nèg ame tap fè mannèv pou kidnape l, daprè sa yon pròch viktim nan ta deklare.

Se dezolasyon ak konstènasyon nan mitan fanmiy ak zanmi! Ke nanm Léger Boyer repoze nan lapè etènèl e ke li sèvi yon touman san fen nan lavi kidnapè, kriminèl ou politisyen ki etèn lavi li avan lè.

Comments are closed.