Manm bawo Pòtoprens lan proteste kont atitid gouvènman an ki boude rekèt relokalizasyon TPI la

2,402

04/02/2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Pou yo kapab montre gouvènman an ke yo mekontan kont atitid “meprizan” fas ak rekèt pou relokalize Tribinal Première Instance (PTI) Pòtoprens lan, avoka bawo Pòtoprens yo deside mete an aplikasyon pwen 2c rezolisyon 11 mas 2022 a, kote ke yo pral kanpe sou bit sit-in ak tòj yo nan antouraj Primati a vandredi kap 8 avril 2022 prochen.

Avoka yo, nan kad yon parèy protestasyon,  vle eksprime mekontantman yo ak konpòtman iresponsab gouvènman Ariel Henry a, ki deside pa di anyen sou rekèt avoka yo ki te vize pou relokalize TPI Pòtoprens lan akoz sekirite.

“Gouvènman an boude jistisyàb yo, avoka yo ak aparèy jisdisyè a. Konsa, avoka yo jwen envitasyon pou rejwen yon sit-in nan antouraj Primati a, vandredi kap 8 avril vè 9:00 jiska 11:30 nan maten”, daprè batonyè Suzy Legros nan yon nòt pibliye.

Comments are closed.