DDNO : Gro operasyon lapolis nan Ti bàdòm; otaj yo libere e wout debloke

2,265

08-01-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro operasyon fòs lòd yon tap vale teren depi yè dimanch 31 jiyè 2022 a, nan zòn Ti Bwàdòm, Bera ak Pandi, nan depatman Latibonit peyi a, nan objektif pou arive demantle aktivite gang kap touye polisye, blese e masivman pran plis pase yon trantèn vwàyajè ou pèleren Sentànn an notaj depi plizyè jou.

Konsa, nan yon nòt Direksyon Depatmantal Nòdwès la mete deyò, anonse liberasyon otaj yo nan depatman Latibonit lan, kote gang ame sangwen yo te achte lajan kontan depi kelke jou. Konsa, operasyon lapolis yo ap pouswiv pou plizyè jou, jiskaske yo arive nan objektif yo ki se delibere zòn nan nèt anba enfliyans gang kap fè lalwà a kelke kilomèt antre Sid depatman Nòdwès la.

Operasyon yo te asure anba lobedyans UDMO nan depatman Latibonit, men ki te benefisye konplisite UDMO Nòdwès ak DCPJ anrezon enpak ke yon parèy sitiyasyon genyen sou popilasyon Nòdwès la.

Selon nòt DDNO a, netralize kò gang yo, libere otaj yo, fasilite sikilasyon an; se te premye faz operasyon an, sa pase djòl loulou, jan sa te prevwà. Dezyèm faz la se prolonje operasyon yo pi lwen ke sa tankou: libere yon seri vilaj ki te anba men gang yo tankou: Laplat, Bera, Pandi ak Odije. Fòs lòd yo espere fè netwayàj jiskaske yo eradike bandi sangwen yo. Me bilan pasyèl premye faz operasyon yo, daprè Sèvis Depatmantal Ransèyman:

yon machin lapolis andomaje, 4 anplwaye ministè Edikasyon nasyonal blese, 4 sispèk arete, 6 moto siklèt sezi, 3 bandi mòtèlman blese, e 6 bandi blese.

Comments are closed.