“Non” ak koripsyon nan zafè edikasyon ak jistis sosyal : se deklarasyon pè Jean Joachin Samedy.

326
0
Share:
TRiboLAND

02 – 27 – 2026

Abriko, Ayiti_____(TRiboLAND) Pè Jean Joachin Samedy ki se Kòdonatè lekòl Nasyonal Anzdiklè, premye seksyon kominal Abriko, denonse pwofesè lekòl piblik yo, depi kòmansman mwa janvye 2025 lan, pandan yo kontinye ap touche lajan leta peyia chak mwa.

Prèt legliz katolik la, ki deklare konsyans li pa anpè pou’l wè depi kòmansman ane 2025 lan, oken pwofesè pa mete pye nan etablisman eskolè piblik yo, nan okenn kote nan depatman Grandans lan, chwazi pa resevwa salè, sòti mwa janvye 2025 lan jiska jounen jodia.

Konsa, prèt la ki pa sispann defann klas defavorize yo, mande minis edikasyon nasyonal la, pwofesè Antoine Augustin, pran men li e asime responsablite’l pou pemèt lekòl piblik yo nan depatman Grandans lan fonksyone menm jan ak lekòl prive yo.

Pè Jean Joachin Samedy, ale pi lwen pou kalifye atitid ak konpòtman pwofesè ak pèsonèl lekòl piblik yo, nan Grandans, kòm moun ki kòwonpi e ki pa genyen ti kal konsyans pwofesyonèl.

Share:

Leave a reply