Pè Ronald Sylvain nan Kazo kidnape; ranson sangwen yo pa piti

374

11\13\20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Madi swa bandi ak zam ke moun pa arive idantifye kidnape prèt Ronald Sylvain ki se direktè provens kongregasyon CICM (sheut) nan Kazo. Konsa, ravisè yo mande yon gro magogo lajan pou kapab libere lidè ekleziastik la.

Prèt Ronald Sylvain

Jodi a, daprè yon pakèt obsèvatè, Ayiti devni pami peyi ki pi danjre sou planèt la; alòske chèf deta Jovenel Moise ki gen akwentans avèk group gang anndan peyi a pa montre ase konpetans ak reflèks pou dote peyi a lapè ak sekirite.

Jovenel pa anmezi pouf è yon bon lèkti sitiyasyon an kap deteryore chak minut; okontrè, nan mitan zak krapil ak dràm sa yo, li menm arive envite diaspora ayisyen antre vinn pase fèt Nwèl nan peyi Dayiti; yon ide ki tèt koupe ak pozisyon Barbecue ki toujou ap montre ke li renmen moun nan diaspora ayisyèn an. Tout sa, lèse moun kesyone egalman nivo sante mantal Jovenel Moise; e ki sa ke li genyen dèyè tèt li, alòske ka kidnapping ou anlèvman, asasinay, kòripsyon ak lòt krim finansyè pa sispann ekstèmine sitwayen ayisyen chak 30 minut nan peyi a.

Akote sa, swadizan responsab yo nan swadizan leta peyi rate ak misyon yo alòske kapasite ou abilite pou sekirize peyi a ipoteke ak kò gang ki plis anmezi pou fè travay lapolis la ke lapolis la li menm. San konte yon katafal sitiyasyon kote ke gro potanta defans peyi a ak sekirite enteryè peyi a ap drive nan men bandi. Se sa ki eksplike Barbecue ap itilize machinn blende leta a ak plizyè lòt chèf kriminèl ki toujou konnen deplasman ak estrateji wo kòmandman PNH la.

Nan moman redaksyon zak kidnapping pè Renald Sylvain an, se sèten deja genyen yon pakèt lòt moun ki deja kidnape ou asasine; anfen se yon lis manch long kap kontinye chak 30 minut anba je yon leta sankoutcha, malpròp, yon gouvènman PHTK ki pa sispann ekstèmine prop sitwayen lakay li.

Nap raple, Pè René Irilan, nan dyosès Ansavo, depatman Nip te youn nan viktim kidnapping 30 janvye 2020 nan Delma 75 kote ravisè sangwen yo te egzije yon magogo lajan.

Jacob Bendalham

Comments are closed.