oseph Dieudonné mòtèlman blese nan kad boukantaj kout zam ak lapolis nan komin Pòdpè.

988

11-14-2023

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Lapolis nan depatman Nòdwès la fwape yon lòt fwa ankò, jounen lendi 13 novanm 2023 a.

Joseph Dieudonné ki tap opere sou non ” Dieu pa nou”, kraze yon kitesa apre ajan UDMO yo nan site Kapwa Lamò a, te fin blese’l mòtèlman nan lokalite Lasalin, 3è seksyon Polen/Lakòn, nan entèval 9h nan maten, nan kad boukantaj kout zam ak lapolis.

Dapwè enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive rekeyi bò kote otorite polisyè yo, yo ta konfime ke, Joseph Dieudonné ta ka fè pati baz gang Tibwadòm, k’ap opere sou wout Nasyonal #8 la.

Li enpòtan pou konnen, lapolis nan depatman Nòdwès pa janm chome, sa pa anpeche plizyè ka kidnapping kontinye ap anrejistre nan vil la, ak nan zòn Tibwadòm.

Comments are closed.