Administrasyon Joe Binden lan nome yon lòt Chaje Dafè a.i. pou Ayiti

2,505

04/17/2022
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Selon yon nòt Depatman Deta peyi Etazini ki soti yè vandredi 15 avril 2022 a, administrasyon Joe Binden lan nome yon lòt fwà ankò yon nouvo Chaje Dafè pou Ayiti, Nicole D. Thériot.

Nicole D. Thériot ranplase Kenneth Merten ki apèn mete yon fen nan misyon li ki pat arive degaje yon konsansis kolektif nan mitan divès sèktè politik anndan peyi Dayiti.

Diplomat Thériot ta sanble yon pitit kay nan Anbasàd Amerikèn nan anndan peyi Dayiti depi lane 2020. Li tap jwe wòl  chèf adjwen pou misyon amerikèn.

Pou kèk kritik tipik, latriye dezinyasyon sa yo vize pou mete bwouye ou retade tout zèl kat nasyonalis pou kontinye dekouraje yon konsyans nasyonal. Se totalman dilatwà ak moratwà pou fè ayisyen yo parèt kòm responsab nich kriz la!

Gen lòt kritik ki estime se nòmal pou antite entènasyonal la enpoze li sou peyi a, sitou lè yo gade nan ki nivo lidè ou klas politik la pa menm genyen kopetans adekwàt ki te ka pèmèt yo menm arive diplike modèl padon ak konsyantizasyon peyi Wannda a, ki te genyen plis tèt chaje ke peyi Ayiti.

Antouka, se yon lòt “round déjà vu” sou teren politik la, kote Ayiti ki pa Ikrènn, espere pran yon lòt knockout punch ankò!

Enel Richard

Comments are closed.