Kwà Dè Boukè: 2 bandi, pami yo yon polisye anba men lapolis pou detounman yon trelè materyo konstriksyon

681

04/21/21

Santo, Sant Ansèyman Operasyonèl PNH ede lapolis nan Kwàdèboukè rekupere jodi mèkredi 21 avwil 2021 an yon gwo trelè “Mack” ki tap transpòte fè metalik pou konstriksyon nan Santo 25 toupwè Lilavwa.

Daprè enfòmasyon ki rive nan sal redaktè TRiboLAND, responsab la nan komisarya nan komin Kwàdè Boukè a, ansanm avèk asistan li, te degaje yo kon mèt Jan Jàk pou yo rapouswiv 2 bandi ame ki te detounnen nan Mòn Kabwit, yon kamyon ki te chaje ak fè pou konstriksyon.

Konsa, gras ak yon enfòmatè; fòs lòt yo nan fouye zo nan kalalou, arive mete men sou 2 bandi sangwen sa yo ki te abò trelè a nan Santo 25 jodi mèkredi  21 avwil 2021 an. Pami 2 bandi yo, ou jwen yon polisye ki pote non :  Permission Enoze, ki se yon ajan 1 # 14-25-04-13 32664 ki te nan yon pwemye tan te afekte nan depatman Grandans la, patikilyèman nan Chanbelan.

Ankèt otorite yo pa sispans ap rapouswiv chofè trelè a ke lòt bandi te deja minote e pati avèk li sou motosiklèt. Anatandan, 2 pwezime koupab yo: Permission Enoze ak Charles Bienbéni trouve yo nan gadavu komisarya Kwà Dè Boukè a kote ke yo anba gwo entèwogatwà.

Comments are closed.