Kowòdonatè rejyonal Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a rankontre anplwaye yo nan Nòdwès

2,339

04/16/2022
Jan Rabèl, Ba Nòdwès____(TRiboLAND) Kowòdonatè rejyonal Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè a, Eliscat Alexis, akonpanye Direktè depatmantal Nòdwès la, John Peterson Louis, rankontre ak yon ventèn anplwaye nan depatman Nòdwès la nan komin Jan Rabèl mèkredi 13 avril 2022 an, yon fason pou te pote limyè sou sa kap di sou rezo sosyàl yo, konsènan movèz gouvènans kowòdonatris jeneral la, Madame Djina Guillet Delatour.

Nan rankont sila a, ansyen anplwaye yo te tou pwofite lye konesans ak nouvo anplwye yo e swete yo byenvini pandan ke yonn pwomèt lòt ke yo pral kolabore ansanm pou avansman pwogram nan nan depatman Nòdwès la.

Sou bò pal, Kowòdonatè rejyonal la, nan entèvansyon l tabli diferans ant ansyen responsab yo ak sila ki la aktyèlman. Responsab la fè konnen ke sou ansyèn kowòdonantris yo, se sèlman yon ti ponyen lekòl ak elèv ki te benefisye alimantasyon. Pou gran Nò a, se te sèlman depatman Nodwès ki te gen 25 lekol nan Jan Rabèl ki te konn resewa yon ti lamanjay ak depatman Nòdès ki te konn jwen kichòy pou ti moun yo te ka bat bouch yo. Men avèk prezans epi avènman Madame Djina Guillet Delantour nan tèt pwogram nan, kantin eskolè a pran ekstansyon e genyen plis ti moun ki anwole.

Pou depatman Atibonit lan gen yon afè de 140537 ekolye yo ki benefisye kichòy. Pou depatman Nò ki te fè anpil tan san kantin, kanton sa gen 99248 elèv ki benefisye manje. Nan Nòdès genyen apeprè 172188 ti moun ki trouve manje pou yo manje; alòske nan depatman Nòdwès la genyen 116220 elèv lekòl ki jwenn kichòy pou manje nan lekòl yo. Antouka, Gran Nò a genyen yon total 428193 ekolye ki benefisye lamanjay.

Angro, Kowòdonatè a fè konnen ke se paske madam Delatour pa deside fè wout krochi ak manje ti moun yo ki koz anpil “gate ras” ak “demolisè” estomake, e ap eseye sal imaj li sou tout rezo sosyàl yo.

Comments are closed.