Apwè yon semen, viktim inondasyon Gran Nò yo resevwa vizit Pwemye Minis Joseph Jouthe

330

04/10/2021

Fòlibète______(TRiboLAND) Pwemye Minis Joseph Jouthe te vizite yè vandredi 9 avwil 2021 an Gran Nò, yon pasaj ki mete an evidans repons gouvènman an nan kad fè bwàs pou pote yon kichòy bay sinitre yo nan dènye inondasyon yo ki te lakoz 3 moun mouri e sakaje yon latriye komin nan depatman Nòdès peyi a.

Vizit pwemye minis la ke anpil moun estime ki fèt a pa tòti, te pèmèt ke li te genyen chita anba tonèl ak diferan antite konsène, patikilyèman otorite lokal yo nan Fòlibète ak bwigàd pwoteksyon sivil nan objektif pou pote yon repons pap padap bay moun ki sinistre yo, dapwè sa mount e kapab li sou kont tweeter Pwemye Minis Jouthe.

Comments are closed.