Me ki sa TRiboLAND konnen nan selebwasyon Jounen Entènasyonal lang kreyòl la nan peyi Dayiti

223

10\29\20

  • Anpil gran Toryan ki maton nan lang kreyòl la nan peyi Dayiti te fè yon gwo kolòk nan Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) an jodi 29 oktòb 2020 an.
  • Yon latriye gwo chabrak ak pèsonalite te fè pawoli mache sou efò diferan aktè pou bay lang kreyòl la jarèt.
  • Gran Toryan tankou Friz Deshommes ki se rektè Inivèsite Deta Dayiti a te denonse diskriminasyon sitwayen ayisyen yo subi akoz se inik kreyòl yo pale.
  • Gwo chabrak yo konsyan ke gen anpil bras ki merite fèt yon fason pou kontinye bay lang kreyòl la jarèt ak valorizasyon.
  • Pierre-André Pierre ki se majò jon AKA profite jounen entènasyonal kreyòl la pou lanse yon seri pèspektiv manbre yon sosyete ki djanm kote dwa “pale kreyòl pale, kreyòl konprann” ayisyen yo respekte.
  • Responsab yo anonse gen yon krèy mezi pou ranfòse lang kreyòl la ki nan kouti tankou kreyasyon diksyonè kreyòl la ak nouvo rezolisyon ki makònen ak òtogràf la.
  • Premye minis Joseph Jouthe  fè entèvansyon nan sikonstans lan e li reyitere volonte gouvènman an pou dispoze mwayen grese sere pou avansman AKA.
  • Divès plak donè te ofri a plizyè gro pèsonalite, patikilyèman a youn nan jounalis pwa lou nan peyi a, Liliane Pierre Paul pou yon prezantasyon an kreyòl.
  • Plizyè jij te onore egalman pou yon seri òdonans ke yo te rann an kreyòl.

Comments are closed.