Pòdpè: Selebwasyon fineray Mgr Pierre Antoine Paulo, Evèk Emerite Dyosèz Pòdpè a

463

02/20/2021

Pòdpè______(TRiboLAND) Se jounen vandredi 19 fevriye 2021 an, selebrasyon fineray ofisyèl Mgr Pierre Antoine Paulo, Evèk Emerit Dyosèz Pòdpè, rive chante anndan Katedral Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Seremoni an te dewoule anprezans, Achevèk Metwpoliten Kap Ayisyen an, Prezidan Konferans Episkopal Dayiti (CEH), Mgr Laumey Saturné, Evèk, Pè, Mè, Frè, Sè, layik ak fidèl katolik ki te soti nan 4 kwen peyi Dayiti. Anplis, Dyak, Seminaris, Pastè, Minis Afè Lòt bò Dl oak Kult, reprezantan Leta atravè depatman Nòdwès la ak kèk notab nan vil Pòdpè pou n site sa yo sèlman. Fineray Ofisyèl, nan Katedral Pòdepè a, Mgr Pierre Antoine Paulo, Evèk Emerit Dyosèz Pòdepè a, Vandredi 19 fevriye 2021 an.

Prezidan selebran an, Achevèk Kap Ayisyen, Mgr Laumey Saturné, nan omeli sikonstsans lan, estime lanmò Mgr Pierre Antoine Paulo ap kite yon gran vid nan fanmiy eklezyastik la. Li te yon pastè ki te livre kò e nàm pou Levanjil Granmèt la. Mgr Saturné pwofite voye yon gwo koutchapo bay Pè Benedikten Mòn Sen Benwa yo, ki te akeyi Mgr Paulo lakay yo.

Mgr Laumey Saturné kontinye pou l di, Mgr Paulo te reve tou yon Ayiti kote dwa elemantè yo respekte, kote avni jenès la asire, pitit peyi a pa bezwen abandone peyi a pou l al chache yon lavi miyò lòt kote. Se byen domaj, Mgr Paulo pati san rèv sa yo pa rive konkretize, daprè Mgr Saturné ki t ap depoze.

Ministè Zafè Etranje ak Kilt ki te reponn prezan atravè direktè Jeneral li, Msye Evens Souffrant ki t’ap pataje pwofil biwografikmoun Mgr Pierre Antoine Paulo, te pwofite swete kouraj ak fanmi defen an; san konte sektè relijye yo. Li te pwofite tou mande pou Legliz Katolik sèvi medyatè ant pouvwa egzekitif la ak opozisyon an pou pèmèt kriz sosyo/politik k’ ap souke bil peyi a depi yon bon bout tan, kapab rive jwenn yon solisyon.

Mgr Pierre Antoine Paulo, se moun Kanperen, depatman Sid peyi Dayiti. Li te fèt 24 Mas 1944. Li te òdone pwèt nan lane 1969. Li te akonpli plizyè misyon anndan Legliz Katolik tankou: li te vikè e fòmatè, responsab novisya eskolastik, konseye answit responsab kominite Oblat. Mgr Pierre Antoine Paulo te kite peyi Dayiti pandan yon bon bout tan kote pou l ale fonde Misyon Oblat nan peyi Kolonbi.

Pwofesè nan Inivèsite Katolik nan peyi Kolonbi ak nan Inivèsite Notre Dame d’Haiti. Pandan pasaj li nan Kolonbi, otorite Katolik yo te raple l pou l te vin Evèk Kowadjitè dyosèz Pòdepè,nan lane 2001.
Leader espirityèl la te kwè anpil nan lapriyè. Li te jwenn Dyosèz Pòdepè a ak sèlman 10 pè dyosezen e kite l ak plis pase yon senkantèn pwèt, san konte yon trantèn seminaris. Li te fonde pandan pasaj li nan Dyosèz Pòdpè 22 pawas.

Gras ak demach Mgr Pierre Antoine Paulo, jèn yo te benefisye yon Anèks Inivèsite Notre Dame nan Dyosèz Pòdpè a ki gen ladan l Syans Enfimyè ak Syans Edikasyon. Mgr Paulo, te egalman te yon gran diplomat, yon entèlektwèl konsome, modere ak yon pansè ki gen anpil fondman. Li te manm Akademi Kreyòl ak tradiktè Bib Kreyòl Ayisyen an.

Mgr Pierre Antoine Paulo, aprè l fin pase 19 lane nan Dyosèz Pòdpè a kòm Evèk, Granmèt la rele l. L ap antere nan Kanperen, jodi samdi 20 fevriye 2021 saa, nan simityè Kominote Oblat. Se pou Bondye lavi a resevwa nanm defen an, daprè Rev. Père Gabriel Saintil, yon pwèt dyosezen ki te pase plizyè yon dizèn lane ak Mgr Pierre Antoine Paulo.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.