Remon, 1e Seksyon kominal Jan Rabèl, ap monte yon ma swife pou swenyàj sante

173
0
Share:
TRiboLAND

05/27/2021

Remon, Jan Rabèl _____(TRiboLAND) Popilasyon nan 1e seksyon kominal Jan Rabèl, lokalite Remon, depatman Nòdwès, nan moman n ap pale la, ap monte yon kalvè pou yo jwenn timoso laswenyay ke ka yo merite.

Karans swen sante nan lokalite sa a, gen pou wè avèk absans leta a ki pa konnen egzistans moun alewè pou ta pwokire enfwastrikti medikal pou kontribyàb yo. Konsa, genyen sèlman yon inik sant Sante ki egziste nan seksyon an e k ap desèvi yon popilasyon ki gen ladan plis pase 70.000 kretyen vivan e ki pa gen yon grenn pwofesyonèl lasante ki rive nome anndan li alewè pou ta delivwe medikaman bay popilasyon. Seksyon saa ki te toujou ap fè faskare ak tout kalte pwoblèm tankou “pwoblèm akdenesans pou peyizan yo, wout, edikasyon san konte bandi ki achte seksyon saa lajan kontan, pou n site sa yo sèlman. Popilasyon Remon an vin pi ekspoze, sitou ak kesyon epidemi maladi kowonaviris k ap vale teren nan jou sa yo atravè peyi dayiti.

Idonès Mérisier


Kowòdonatè KASÈK pou zòn Remon an, Idonès Mérisier ki t ap fè tibatbouch ak TRiboLAND, di li konsyan de tout kalte pwoblèm sa yo seksyon an ap fè sitou nan moman kote COVID-19 la kòmanse ap paweze kò l atravè peyi a, notamman nan Nòdwès. Kidonk, Mérisier mande entèvansyon enstans konsène yo pou Remon prese prese pou evite katastwòf.

N ap fè remake se pa premye fwa otorite lokal sa yo nan Remon, 1e Seksyon kominal Jan Rabèl, depatman Nòdwès, ap fè entèvansyon yo e mennen demach bòkote otorite sanitè Nòdwès yo, patikilyèman #1 bwat saa Dr Tony Monestime yo di ki fèmen je l sou sant Sante saa ki se yon veritab tonb blanchi.

Saint Jean Wiskis

Share:

Leave a reply