Zam, zam, zam pi rèd nan Nòdwès! Otorite yo mete men sou yon bwat zam tounèf ak katouch anko

1,230

07-13-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ajan dwanye yo nan vil Pòdpè sezi yon lòt fwà ankò yon bwat chaje ak zam melanje ak katouch jodi mèkredi 13 jiyè 2022 a. Bwàt sa ki genyen zam tou nèf ak katouch ladan li te mete bato “La Tempérance” nan 2 ran byen près.

Kidonk, machandiz lanmò a te okazyone nan yon premye tan arestasyon soubreaka bato a; konsa, otorite yo pat pran tan pou relache li aprè ke yo te vinn jwen mèt machandiz dezagreman lanmò a. Enfo ki arive jwen TRiboLAND ta fè eta de yon sèten Colbert Gelin alyas Ti Còl ki enplike ra gagann.

Konsa, Jij Paul Blanc ki petèt anba gro fatig e sou pye l depi 2 zè maten an nan sezi 25,000 lòt katouch nan yon machin ki tap kite vil Pòdpè, te rann li sou plas pou prosede ak konsta legal de yon parèy krim. Colbert Gelin ki se yon travayè ki toujou ap ti djo li te genyen non li sou bwàt la. Sepandan, li te refere otorite Jean Talay Fantil ki konfime ke se li menm ki propritetè bwàt ke li di ki genyen 3 chajè ak yon bwàt katouch.

Elas! Yon lòt sezi zam nan mwens 12 èd tan nan vil Pòdpè ki pa sispan fè aktiyalite anba je nasyon ayisyèn nan prèske chak jou ki jou. Antouka, pandan ke nouvo Komisè gouvènman an, Mèt Bertin vle apronfondi envèstigasyon yo atravè SDPJ, propriyetè zam ak minisyon an, ansanm ak Colbert trouve yo nan gadavu e kontinye ap reponn kesyon fòs lòd yo ki pa sispan miltipliye bwàs pou mete men nan kòlèt malfektè yo nan Nòdwès peyi a.

Comments are closed.