Endividi moun pa rive idantifye kase plizyè depo nan Mache Rivyèba nan komin Senlwidinò

811

04 – 10 – 2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye kase plizyè depo pwodwi alimantè nan Mache Rivyèba, nan lanwit madi 09 pou leve mèkredi 10 avril 2024 la nan komin Senlwidinò.

Selon madam Emil youn nan pwopriyetè depo yo, li pa kapab estime kantite diri, farin, lwil, espageti elatrye ke malfwa yo bwote andedan depo a. Li kontinye mande sekou ak sekirite bò kote otorite yo nan komin nan.

Depi yon bon bout tan komin Senlwidinò tap viv yon kalm aparan akoz polisye minisipal yo ki tap travay kif kif pou frennen bandi kap dechèpiye zafè moun yo. Konsa, ak presyon yon goup nèg ak vès nan komin nan ak Etazini kap aplodi bandi te fè mesye yo neglije nan bay vi ak byen moun sekirite.

Malfwa yo pwofite okazyon an pou bwote machandiz timachann yo nan depo ak machin. Fwa sa machann yo ap mande delenkan yo sispann pèsekite moun kap travay pou etabli lapè ak sekirite nan kominote nòlwizyèn lan.

Comments are closed.