Òganizasyon Eta Ameriken ke popilasyon ayisyèn nan pafwa pa pran oserye ap depeche yon misyon nan peyi Dayiti avan lontan

275

Wachenntonn_____(TRoLAND) Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) deklare ke li enkyete sou fason kriz ki antòtye peyi Dayiti a ap vale teren.

Konsa, nan lide pou jwen yon demakònaj yon parèy petren ak òganizasyon eleksyon yo, OEA deside voye yon misyon nan peyi Desalen nan yon manyè pou fasilite pwotagonis yo jwen yon antant tèt atèt ki kapab fasilite yon konpwomi ki gen nen nan machwè ak yon pwosesis elektoral djanm, daprè minis dominiken pou Afè Lòt bò Dlo a, Roberto Alvarez.

Nap raple, se pa pwemye fwa ke OEA ap entèveni nan delwòtonaj kriz anndan peyi Dayiti; yon seri entèvansyon ke majorite sitwayen ayisyen pa janm pran oserye, sitou lè yo estime se menm òganizasyon sa ki pafwa lage peyi a nan woulo.

Comments are closed.