CARDH anrejistre plis pase 200 “ka kid” ant mwà janvye pou rive mas 2022 a sèlman

2,892

03/30/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Selon dènye resansman Centre d’Analyse et de Recherche en Droit de L”Homme (CARDH), yo arive anrejistre pandan pwemye trimès 2022 a, plis pase 200 ka kidnapping.

Pou mwà janvye a genyen 75 ka kid, e pou mwà fevriye a li te nan 81, alòske li a 71 pou mwà mas 2022 a, si nou ta vle kwè yon selul obsèvasyon ak kriminalite (COC) kap feraye anndan matris CARDH ki genyen nan tèt li Gédón Jean.

Kote ki anrejistre plis “ka kid” yo se:  sou Pòtay Leyogànn, Chandmas, Ri Kapwà, Boudon, Tijo, Kanapevè, Lalu, Avni Pouplà, Aveni Kristòf. Se tout kouch moun nan sosyete ayisyèn nan ki viktim anba yon parèy flewo. Kòmanse sou avoka, rive sou machan pistach, se konstènasyon ak agoni pou tout Larepiblik!

CARDH mete 2 men nan tèt, lè l ap konstate yon ogmantasyon 58% nan “ka kid “ yo pou janvye – mas 2022 sèlman. Alòske li te nan 142 ka kid” nan lane 2021 an.

Comments are closed.