Bandi touye madanm Direktè Jeneral ministè Kominikasyon ak kilti a anndan lakay li

2,597

04/03/2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nèg ak zam ki pa idantifyàb debake e simen yon rafal kout zàm san parèy lakay Direktè Jeneral Ministè Kominikasyon ak Kilti Ariel Henry a, Camy Dépas, jodi samdi aprè midi 2 avril 2022 a nan Pènye.

Selon kèk sous ki pwòch fanmiy Dépas la, te genyen gro panik rafal ou detonasyon gro kout zam manman penba; alòske bandi yo ta pràl egzekite Edith Dépas, madanm Direktè a anndan lakay li. Konsa, konsta legal kò san vi a te asure sou lobedyans jij Jean Joseph Guerrier.

Lapolis ki te rive sou sèn krim nan, pat pran tan pou te pwosede ak arestasyon 2 jèn ti gason ki abitye antre nan kay la, men ki ta sanble sispèk nan sèvi antèn pou kò gang sangwen kap opere nan Pènye.

Comments are closed.