Ansyen chantè gwoup Mizikal ki pote non Laska nan vil Pòdpè tonbe anba bal Kokorat san ras yo.

1,081

Carl Henry Majuste, se non ansyen ban devan djaz ki pote non Laska a, ki tonbe anba bal bandi nan Tibwadòm.

02-05-2023

TiBwadòm, Gromòn, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi nan Tibwadòm pa chome, yo mete dlo nan je fanatik mizik yo lè yo deside touye yon ansyen chantè.

Nouvèl la tonbe tankou yon kouch dlo frèt, lè fanatik mizik yo aprann egzekisyon ansyen chantè fòmasyon mizik “Laska”a Carl Henry Majuste asasine anba bal gang sangwen “Kokorat San Ras”nan tou pre Gromòn, depatman Latibonit.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, ta sanble yon sèten Marc Hérode, yon nonm ke yo te kouri dèyè’l pou vòlò nan Latandri, nan vil Pòdpè ki etèn souf atis ak plis ke 3 bal.

Comments are closed.