Arnel Bélizaire blese grav anba katouch nèg ame

2,232

03/30/2022

Pòtopwens______(TRiboLAND) Ansyen despite Arnel Bélizaire riske kite po anba yon atak nèg ame jodi mèkredi 30 mas 2022 a nan Kafou Peyan.

Selon enfo kap sikile sou rezo sosyàl yo, militan politik la ta resevwà plizyè katouch ki te nesesite ke yo kouri lopital avè l. Kondisyon ansyen depite a reyèlman kritik.

Arnel ta sanble li te nan tèt yon manifestasyon aprèmidi 30 mas la; li tap eseye kandale moute Bèlè nan moman yon group nèg ame ki pa idantifyàb simen katouch sou li, daprè ansyèn direktris SMCRS la, Margalie Habitant.

Comments are closed.